Jodi a, 116 òganizasyon ap mande Gouvènè Hochul ak Lejislati Eta New York pou yo refòme ansyen fòmil finansman lekòl New York la pou asire lekòl yo genyen resous ki nesesè pou bay tout elèv yo yon edikasyon kalite siperyè, avèk yon atansyon patikilye pou sila yo ki gen pi gwo bezwen yo.