AFC Temwaye sou Bòdwo Kòd Disiplin Eskolè pou 2017
AFC te temwaye devan Biwo Sekirite ak Devlopman Jèn nan Depatman Edikasyon Vil Nouyòk sou bouyon kòd disiplin pou tout vil la, li te ankouraje DOE a kontinye refòme sistèm disiplin lekòl nou an pou ede elèv yo rete lekòl epi redwi to sispansyon ki pa pwopòsyonèlman wo ke elèv Nwa yo ak elèv ki gen andikap yo ap sibi.