Repons pou Divilgasyon Done Edikasyon Espesyal nan mitan ane a pou ane lekòl 2020–21
Jodi a, Advocates for Children of New York (AFC) pibliye repons sa a konsènan rapò done sou edikasyon espesyal Depatman Edikasyon Vil Nouyòk (DOE) la pou mwa Jiyè rive Oktòb 2020, ak pou mitan mwa Janvye 2021.
Jodi a, jan lalwa vil la egzije sa, DOE a pibliye pou premye fwa done trimèsyèl sou nivo distri konsènan fason yo bay sèvis edikasyon espesyal yo—yon etap enpòtan pou gen plis transparans nan lekòl Vil la. Nou apresye ke DOE a te fè plis pase sa lalwa egzije epi li te bay tou done ki ajou rive nan mitan mwa janvye. Pandan piblik la gen aksè ak done fen ane yo depi 2015, nouvo rapò sa yo pral bay yon kontèks enpòtan sou konbyen elèv ki gen andikap k ap resevwa ak k ap pa resevwa enstriksyon ak sèvis yo dwe resevwa yo nan divès moman pandan ane lekòl la—pa sèlman nan mwa jen. Enklizyon done nan nivo distri ak lekòl, olye de sèlman total pou tout vil la, pral pèmèt paran ak defansè yo evalye ki jan lekòl lokal yo ap byen sèvi elèv ki gen andikap yo.
“Avèk plis transparans sa a, chak kominote ap kapab pi byen konprann ak reponn sa k ap pase sou teren an epi defann pou jwenn sipò ak resous ki vize,” te di Maggie Moroff, Kòdonatè Siperyè Politik Edikasyon Espesyal nan AFC. “Nou ankouraje DOE a fòtman pou l bati sou pwogrè sa a epi bay paran yo aksè sou entènèt ak dosye edikasyon espesyal pitit yo an tan reyèl pou yo ka swiv sèvis pitit yo ap resevwa kounye a ak sa yo pa resevwa.”
Malgre nou kontan ke DOE a pibliye rapò trimèsyèl pou chak distri pou premye fwa, done yo montre konbyen travay ki rete pou fèt pou sèvi elèv ki gen andikap yo, sitou lè nou konsidere defi pandemi an koze yo. Dapre done yo, kòm nan dat 18 janvye, prèske youn sou kat elèv ki gen andikap pa t ap resevwa ansèyman edikasyon espesyal yo nèt, e sa ki pi enkyetan an, se ke 81,920 elèv—sa vle di 46% nan elèv Vil la ki gen andikap—pa t fin resevwa sèvis yo nèt kòm nan dat 2 novanm. Done yo montre tou gwo disparite ant distri yo. Pa egzanp, sèlman 26% elèv nan Distri 5 nan Harlem ki te gen IEP yo ki te rekòmande yon klas Ansèyman Konjwen Entegre (ICT) te nan yon plasman konsa rive 2 novanm, konpare ak 72% elèv ki te bezwen yon klas ICT nan Distri 22 (Flatlands ak Sheepshead Bay nan Brooklyn) ak 27 (Sidès Queens).
Anplis de sa, li enpòtan pou nou sonje chif sa yo pa montre tout vrè dimansyon bezwen ki poko satisfè akoz pandemi an. Pandan nou apresye ke anpil elèv andikape te jwenn priyorite pou yo resevwa ansèyman an pèsòn a plen tan, majorite elèv Vil la ap toujou aprann a distans yon pati nan tan an oswa tout tan an, epi anpil elèv andikape fè yon gwo bak nan aprantisaj yo paske sèvis edikasyon espesyal yo tou senpleman pa ka aplike nan yon anviwònman anliy. Nou tande tou fanmi elèv ki konte kòm “sèvi nèt” ki pa gen pwofesè edikasyon espesyal yo bezwen an nan jou kote yo aprann adistans, oswa ki gen klas ki pi gwo pase limit lalwa pèmèt.
Moroff te note, “Done yo ki pibliye jodi a ta dwe yon apèl pou aji. Gouvènman federal, leta ak vil nou yo bezwen ogmante efò yo ak yon gwo envestisman pou ede elèv ki gen andikap yo rekipere sa yo pèdi nan aprantisaj la epi asire yo jwenn evalyasyon, sèvis ak enstriksyon yo gen dwa resevwa alavni.”