Rezo Edikasyon pou Nouvo Arive yo Mande NYCPS pou L Pwoteje Dwa Elèv Imigran yo
Pandan Vil la ap avanse anba nouvo Administrasyon Prezidansyèl la, AFC ak Newcomer Education Network (NEN) ankouraje fòtman New York City Public Schools (NYCPS) pou ranfòse politik ki egziste deja yo epi mete an plas mezi adisyonèl pou pwoteje dwa elèv imigran yo genyen pou jwenn aksè a edikasyon piblik.
Lèt sa a pou Chanselye Aviles-Ramos soti nan 27 òganizasyon ki fòme NEN bay rekòmandasyon pou NYCPS, ki gen ladan mete ajou gid, politik, ak fòmasyon pou lekòl yo; ankouraje patenarya ak ajans ki nan tout vil la ak òganizasyon kominotè; devlope kapasite pèsonèl lekòl yo; epi mete elèv yo ak fanmi yo nan sant tout bagay epi sipòte yo.