AFC Temwaye sou Transpò pou Elèv ki gen Andikap
AFC te temwaye devan Komisyon Edikasyon, Sanitasyon ak Jesyon Dechè Solid, ak Transpò nan Konsèy Vil New York sou preparasyon Vil la ak repons li pou tanpèt ivè Avery. Temwayaj nou te konsantre sou eksperyans elèv ki gen andikap sou otobis lekòl pandan tanpèt nèj la ak sou enpòtans adopte lwa pou bay paran yo aksè a done GPS an tan reyèl pou otobis lekòl pitit yo.