This guide explains how you can help your preschool child receive services to address a developmental delay or disability. Read about the services available, step-by-step instructions for requesting services, and your rights.
Jwenn Resous
Nou konprann ki jan li difisil pou navige Depatman Edikasyon Vil Nouyòk la. Paran yo ka pase yon kantite tan menmen ap fè rechèch sou diferan pwogram oswa tou senpleman ap eseye konprann dwa pitit yo ki gen rapò ak lekòl la.
Gid gratis AFC pou konnen dwa ou yo, fèy konsèy, ak lòt resous yo ka ede w defann pitit ou a avèk siksè.
37 Results Found
Fèy enfòmasyon sa a esplike sèvis ki gen rapò (tankou terapi lapawòl, terapi fizik, ak terapi okipasyonèl) pou elèv preskolè. Li gen ladann pwosesis pou asiyen founisè sèvis ki gen rapò ak fason pou rezoud pwoblèm ak sèvis ki gen rapò.
IEP pitit ou a se yon dokiman trè enpòtan e li ta dwe espesifik pou bezwen pitit ou a. Fèy travay sa a ede w prepare w pou yon reyinyon IEP k ap vini an, pou w konnen kèk domèn kote pitit ou a te fè amelyorasyon ak kote yo ka bezwen plis sipò.
Fèy enfòmasyon sa a kouvri kijan pou aplike pou ACCES-VR, yon ajans Eta New York ki ede moun ki gen 14 an oswa plis ki gen andikap eksplore enterè travay yo, jwenn yon travay, epi kenbe li.
Fèy konsèy sa a eksplike kijan pou konnen si pitit ou a bezwen sipò konpòtman nan salklas la, ki moun pou kontakte pou jwenn sipò, dwa w kòm paran, ak plis ankò.
Gid sa a eksplike kisa Seksyon 504 la ye, kijan li aplike pou timoun nan lekòl leta yo, epi kijan pou jwenn sèvis oswa akomodasyon Seksyon 504 pou pitit ou a.
Fèy enfòmasyon sa a revize sèvis konpansatwa NYC DOE yo, ki se sèvis espesyalize adisyonèl pou ede elèv yo ratrape kote yo t ap ye si yo te resevwa sèvis edikasyon espesyal apwopriye pandan nenpòt peryòd aprantisaj elwaye/ibrid.
Fèy konsèy sa a gen ladan l yon lis kesyon ou ka vle poze lè w ap deside si yon plasman nan lekòl la apwopriye pou pitit ou a.
This tip sheet reviews internships, work-based learning, and vocational programs offered by the DOE, as well as transition plans and services for students with disabilities.
Fèy konsèy sa a dekri dwa paran ki pale yon lang ki pa angle epi ki gen elèv andikape nan lekòl leta Vil Nouyòk. Fèy konsèy sa a tou bay konsèy ak rekòmandasyon pou paran ki pale yon lang ki pa angle lè yo kominike ak lekòl pitit yo.