Kontra ak Wout Bis Lekòl ki pa Fini Mete Paran yo sou Nerf
09.03.2020 | NY1 | “Parant yo ap tann toutbon, yo nan enkyetid, y ap mande tèt yo kijan pitit yo pral fè pou ale lekòl, si se timoun ki bezwen pran bis pou ale lekòl,” se sa Maggie Moroff, kòdonatris politik edikasyon espesyal nan Advocates for Children, deklare.
Moroff te di otobis jòn yo sèvi kèk nan elèv ki pi vilnerab nan vil la. “Anpil nan elèv ke Advocates for Children ap travay avèk yo, si yo pa gen transpò otobis, yo pa ka rive lekòl e yo pa gen opsyon pou pran taksi,” li te di. “Yo vrèman bezwen sèvis otobis la an plas si yo gen andikap, si yo se timoun k ap viv nan swen fòstè, si yo se timoun san kay. Nou enkyete anpil.” Gade videyo