Trump menase koupe finansman federal pou Vil New York. Men pwogram edikasyon ki ta ka afekte.
01.31.2017 | Chalkbeat New York | Ekspè legal yo fè konnen lòd Trump la klèman antikonstitisyonèl, gen kesyon k ap poze sou ki kantite finansman prezidan an ka vrèman kenbe, epi de Blasio pwomèt pou l lite kont sa. Men, defansè edikasyon yo di menm yon ti rediksyon nan finansman an ta ka fè dega pou elèv ki pi vilnerab nan vil la. “Pèt finansman sa a t ap gen yon enpak devastatè sou lekòl yo,” se sa Randi Levine, direktè politik nan Advocates for Children, deklare. “Vil la konte sou finansman federal pou sipòte elèv ki gen andikap, elèv san kay, ak elèv ki soti nan fanmi ki gen ti revni.” Li atik