Dè milye elèv k ap chèche azil nan Nouyòk gaye nan plis pase 300 lekòl.
11.08.2022 | Gothamist | “Mwen panse nou ka wè nan done yo ke te gen yon gwo kantite elèv ak fanmi ki fèk rive nan peyi sa a ki antre nan abri Vil Nouyòk yo, e anpil nan lekòl kote yo enskri yo pa t prepare pou kantite sa a. Sistèm abri a pa t prepare nonplis,” se sa Jennifer Pringle, ki travay pou Advocates for Children, deklare.
Pringle, avèk Advocates for Children, te di ke lekòl ak abri ki resevwa moun k ap chèche azil yo ap fè fas ak yon gwo defi.
“Yo pa resevwa finansman ni pèsonèl pou yo sèvi kòm ajans relokasyon refijye,” li te di. “Kidonk, lè ou gen yon gwo afluans fanmi ki pa gen okenn rezo sipò nan peyi sa a … sa mete yon gwo presyon sou sistèm abri yo ansanm ak lekòl yo pou satisfè bezwen imedyat fanmi yo.” Li atik