Elèv ki bezwen èd pa jwenn li, se sa yon plent di.
04.08.2013 | WABC-TV Eyewitness News | Art McFarland rapòte sou plent AFC depoze kont Depatman Edikasyon Vil Nouyòk poutèt li pa t bay elèv andikape yo sipò konpòtman nesesè jan lalwa egzije sa. “Lekòl yo pa t ap bay sipò konpòtman ki apwopriye yo,” se sa Rebecca Shore te di. Shore se yon avoka pou Advocates for Children, ki depoze plent lan. Gwoup la fè konnen ke sispansyon elèv yo pou ane lekòl ki sot pase a te monte a 69,643. Elèv andikape ki te sispann yo te reprezante plis pase 32 pousan nan kantite sa a, menm si elèv andikape yo se sèlman 12 pousan nan popilasyon elèv nan tout vil la. Li atik