Rapò: 100,000 elèv nan Nouyòk te san kay nan ane 2020-2021.
11.08.2021 | Fox 5 New York | Plis pase 100,000 elèv lekòl nan Vil Nouyòk te san kay nan yon moman pandan ane eskolè 2020-2021 la, sa ki reprezante yon ogmantasyon 42% depi 2010, daprè yon rapò gwoup Advocates for Children of New York te pibliye lendi.
“Chif sa yo vrèman twoublan, vrèman alarman,” Jennifer Pringle nan AFC te di. “Anviwon 28,000 te ap viv nan abri, 65,000 te nan sitiyasyon lojman tanporè kote yo te oblije viv ansanm ak lòt moun, epi apeprè 3,860 elèv te ap viv nan machin, pak, bilding abandone, ak lòt sitiyasyon lojman ki pa satisfè nòm yo.” Gade videyo