Rapò: 1 sou 10 elèv nan lekòl piblik Vil Nouyòk yo san kay.
12.03.2020 | WCBS 880 | “Si elèv ki san kay nan Vil Nouyòk te fòme pwòp distri eskolè pa yo, li t ap youn nan 30 pi gwo distri eskolè nan tout peyi a,” se sa Randi Levine, direktè politik gwoup la, deklare.
Pwoblèm nan pi evidan nan Bronx la, kote gwoup la di youn sou sis elèv pa gen kay. Advocates for Children di ke fèmti sistèm lekòl piblik la akòz pandemi an frape timoun sa yo espesyalman di. “Sa vrèman difisil,” Levine di. Koute tout entèvyou a