Plis pase 21,000 elèv nan Queens pa t gen kay pandan ane lekòl ki sot pase a, se sa yon rapò jwenn.
12.03.2020 | Queens Daily Eagle | AFC te ankouraje vil la pou l mete WiFi inivèsèl nan abri pou moun san kay yo, pou l distribye aparèy ki gen aksè entènèt tankou iPad bay chak elèv ki nan bezwen, epi pou l pèmèt elèv yo ale nan bilding lekòl yo — yon bagay timoun lekòl primè yo ka fè semèn pwochèn.
“Aprann lakay pi difisil anpil lè ou pa gen yon kay fiks,” se sa Kim Sweet te di. “Vil la dwe asire ke chak elèv ki san kay gen teknoloji ak sipò yo bezwen pandan peryòd aprantisaj adistans ak ibrid sa a.” Li atik