Plis pase 100 mil elèv lekòl piblik nan Nouyòk ap viv san kay: rapò
10.26.2022 | PIX 11 | Vil Nouyòk pran angajman pou anboche 100 Kòdonatè Kominotè Depatman Edikasyon ki baze nan abri ane sa a pou ede fanmi yo jere sistèm lekòl la, rezoud baryè ki anpeche yo ale lekòl regilyèman, epi konekte elèv ki nan abri yo ak sipò yo bezwen. Sepandan, yon mwa edmi apre kòmansman ane eskolè a, nan yon moman kote sistèm abri yo rive nan yon pwen kriz, okenn nan anplwaye sa yo poko anboche, daprè Advocates for Children.
Jennifer Pringle, direktè pwojè Project LIT nan AFC, te mete aksan sou kowòdonatè kominotè yo. “Olye pou w tann yon elèv absan pandan yon semèn, de semèn, epi w ap fè fas ak yon gwo pwoblèm, se pito kontakte paran yo an avans pou konnen sa k ap pase: èske se yon pwoblèm transpò bis? Èske se yon pwoblèm deplasman? Èske se yon pwoblèm edikasyon espesyal? Èske se yon pwoblèm gadri?” Gade videyo