Bidjè majistra a gen ladan finansman pou elèv san kay, pwogram 3-K pou Tout, ak sal klas ki gen èkondisyone.
04.26.2017 | Chalkbeat New York | Bidjè egzekitif pou 2018 Majistra Bill de Blasio a, ki te prezante Mèkredi, te selebre kòm yon viktwa pa defansè ki te reyisi fè presyon pou restorasyon $10.3 milyon dola nan finansman pou elèv san kay yo ki te omèt nan bouyon bidjè li a. “Nou desi dèske nou te oblije goumen pou fè yo remèt $10.3 milyon dola a,” se sa Randi Levine, direktè politik nan Advocates for Children, te deklare, “men nou soulaje dèske majistra a remèt finansman an.”…$10.3 milyon dola yo te retabli pou elèv san kay yo pral peye pou plizyè douzèn travayè sosyal nan lekòl ki gen anpil elèv san kay, atravè yon inisyativ yo rele “Bridging the Gap,” yon pwogram Klib Lekti Apre Lekòl pou timoun k ap viv nan abri, ak pwofesè ki baze nan abri yo ki gen pou misyon ogmante prezans elèv yo lekòl, pami lòt inisyativ. Pandan defansè yo t ap felisite majistra a poutèt li te mete lajan sa a, yo di li toujou pi piti pase sa k nesesè pou vrèman rezoud kriz la. Li atik