Fanmi yo ap fè fas ak yon kochma pou deplase si chofè bis yo fè grèv.
01.15.2013 | SchoolBook | Kim Sweet, direktè egzekitif gwoup Advocates for Children, te di plan ranplasman Depatman Edikasyon an prezante yo ka jere pou anpil fanmi, men se pa pou tout. “Transpò piblik ka pa posib akoz yon andikap yon elèv genyen, epi fanmi ki bezwen yon sèvis machin oswa yon taksi pou mennen pitit yo lekòl ka pa gen mwayen finansye oswa fleksibilite pou peye frè machin nan davans epi tann plizyè semèn pou yo remèt yo lajan an,” se sa Sweet te di. “Anplis de sa, fanmi ki gen plis pase yon timoun pou depoze ak chèche lekòl epi ki gen travay pou yo fè ka twouve li enposib pou yo nan plizyè kote an menm tan.” Li atik