De Blasio prezante yon bidjè preliminè ki mande pou koupe depans, ak kèk nouvo inisyativ.
02.07.2019 | Chalkbeat New York | Yon lòt fwa ankò, bidjè preliminè De Blasio a pa renouvle finansman pou 69 travayè sosyal ki bay sèvis sipò pou elèv san kay k ap viv nan abri nan kad pwogram Bridging the Gap la. Fon pou pwogram sa a pral ekspire nan fen ane lekòl sa a. Nan tan lontan, de Blasio te retire fon sa a — anviwon $14 milyon nan bidjè aktyèl la — epi pita li te remete lajan an nan pwopozisyon bidjè final la apre yon gwo reyaksyon soti nan men defansè yo… “Nou sezi wè Majistra a kontinye ap jwe ak bidjè a sou sipò ki enpòtan anpil pou elèv k ap viv nan abri yo,” se sa Kim Sweet, Direktè Egzekitif Advocates for Children of New York, te deklare nan yon kominike. “Piske gen plis pase 100,000 elèv k ap viv san kay, Vil la ta dwe ogmante kantite travayè sosyal Bridging the Gap yo, olye l mete kontinwite pwogram nan an danje.” Li atik