Chanselye Porter ak Konsèy Minisipal la Anonse yon Envestisman Istorik $4 Milyon nan Aksè ak Lang pou Tout Moun
11.30.2021 | Magazin Harlem World | “Fanmi imigran yo, menm jan ak tout fanmi nan lekòl piblik Vil Nouyòk yo, gen dwa patisipe nan edikasyon pitit yo, men pou yo fè sa, yo dwe santi yo alèz pou yo kominike ak lekòl pitit yo a,” se sa Kim Sweet, Direktè Egzekitif Advocates for Children of New York, te deklare. “Depatman Edikasyon Vil Nouyòk la ta dwe asire ke fanmi imigran yo resevwa tout dokiman ki gen rapò ak lekòl yo nan lang pa yo, epi nan yon fòm ki aksesib pou yo, menm si yo pa fin metrize lekti ak ekriti. DOE a ta dwe bay fanmi imigran yo sèvis entèpretasyon kalite siperyè tou nan tout reyinyon, evènman, ak entèraksyon ak pèsonèl lekòl la. Nou ankouraje pa envestisman $4 milyon dola Vil la nan sèvis aksè a lang epi nou espere ke resous adisyonèl sa yo ap mennen nan kreyasyon ak finansman yon sistèm pèmanan e efikas pou kominikasyon ak fanmi imigran yo alavni.” Li atik