Pandan enkyetid ap ogmante apre lòd egzekitif Trump yo, ki pwoteksyon elèv imigran yo genyen nan lekòl vil Nouyòk?
02.06.2017 | Chalkbeat New York | Men, defansè yo enkyete ke si yon lekòl ta legalman oblije bay enfòmasyon, menm san okenn dosye eksplisit sou estati imigrasyon, ta ka genyen enfòmasyon ki revele nan dosye yon elèv. Pa egzanp, gen kèk fanmi ki bay papye imigrasyon lè y ap enskri pitit yo nan lekòl, ki pafwa yo fè fotokopi epi mete yo nan dosye elèv la, se sa Abja Midha, yon direktè pwojè nan Advocates for Children, te di. Malgre dokiman sa a pa di klè si yon timoun pa gen papye, li ta ka bay yon endis sou estati li, paske fanmi ki san papye yo souvan pa gen okenn lòt prèv idantite, laj oswa rezidans, se sa li te di. Li espere vil la ap konsidere retire tout dokiman ki pa nesesè nan dosye elèv yo… “Lèt chanselye a ak politik ki tabli a … se bon premye pa,” se sa Midha te di. “Mwen vrèman panse ke nan klima aktyèl la, fanmi yo vrèman bezwen santi yo rasire ke lekòl Vil Nouyòk yo se yon espas ki an sekirite epi ki akeyan pou yo.” Li atik