Ale nan kontni

  • AFC nan nouvèl la
  • Defansè yo ap chèche plis pwogram lekòl pou imigran nouvo ki rive nan Nouyòk.

    21 avril 2022

    04.21.2022 | Chalkbeat NY | “Sa fristran anpil e an reyalite, sa dekourajan anpil pou nou kòm defansè paske nou konnen lè nou rankontre yon elèv ki abite byen lwen, sou plan jewografik, lekòl transfè [pou moun k ap aprann angle yo], nou konnen imedyatman se pral yon batay difisil,” se sa Rita Rodriguez-Engberg, direktris Pwojè Dwa Elèv Imigran nan Advocates for Children New York, te deklare. 

    Pandan vizit li yo nan senk lekòl transfè ki konsantre sou elèv k ap aprann Anglè kòm yon nouvo lang, Rodriguez-Engberg te sezi wè konbyen elèv ki te di yo te kontan genyen yon travayè sosyal bileng ki “te ka ede yo jere pa sèlman lavi lekòl yo, men lavi yo Ozetazini tou.” Li te di elèv yo ka ap fè fas ak divès nivo chòk, tankou vini Ozetazini poukont yo, kite konfli dèyè nan peyi yo, te arete nan fwontyè a anvan yo te lage yo, oswa jis sonje lakay yo. Li atik

    Description