Ale nan kontni

  • AFC nan nouvèl la
  • Defansè yo ap pouse Depatman Edikasyon Vil Nouyòk pou l anboche plis anplwaye nan abri yo pou ede elèv san kay yo rive lekòl.

    29 avril 2022

    04.28.2022 | Defansè yo vle Depatman Edikasyon vil la anboche 150 moun pou asire elèv ki nan abri pou moun san kay yo rive lekòl chak jou. 

    Absans kwonik — defini kòm absan plis pase youn sou dis jou lekòl — se yon gwo defi nan tout vil la ane sa a, e li pi evidan pami elèv k ap viv nan abri pou moun san kay. Nan ane lekòl ki sot pase a, 64.1% nan elèv k ap viv nan abri yo te make kòm absan kwonik, konpare ak 28.1% nan kanmarad yo ki nan lojman pèmanan.

    Lajan pou anboche travayè nan abri yo ta soti nan $33 milyon dola nan fon ankourajman federal, defansè yo di. Travayè yo, yo rele kowòdonatè kominotè, ta ede fanmi san kay yo ak nenpòt bezwen ki gen rapò ak lekòl. Vil la deja angaje pou anboche 50 nouvo kowòdonatè kominotè ak lajan federal, men defansè yo di sa pa ase, e y ap pouse ajans lan pou itilize rès lajan federal la pou anboche 100 lòt.

    “Avèk 60% elèv k ap viv nan abri ki absan kronikman nan lekòl, li enpòtan pou gen yon moun sou teren nan abri a ki ka kolabore dirèkteman ak fanmi yo, detèmine poukisa yon timoun patikilye pa ale lekòl, epi rezoud pwoblèm nan, 30 òganizasyon defans dwa te ekri nan yon lèt jedi bay Majistra Adams ak Chanselye Lekòl David Banks.  Li atik