Leta jwenn ke Success Academy te vyole dwa sivil elèv andikape yo.
02.27.2019 | Gothamist | Jodi a, Advocates for Children te pibliye rezilta yon ankèt Depatman Edikasyon Leta a te fè, apre yon plent gwoup defans dwa sa a te depoze nan mwa novanm. Plent lan te deklare ke Success Academy pa t ap respekte Pwogram Edikasyon Endividyèl elèv ki gen andikap yo, nan kèk ka li pa t bay akomodasyon pou egzamen ke lalwa egzije yo ak enstriksyon edikasyon espesyal. Yo te akize rezo charter la tou pou deplase elèv yo soti nan klas edikasyon espesyal nan dènye minit, epi inyore direktiv odyans administratif pou remèt timoun yo nan klas sa yo. Li atik