Elèv ki nan pwogram edikasyon espesyal nan kèk katye gen plis difikilte lè y ap chèche èd.
10.15.2014 | Chalkbeat New York | Vil la pa bay plizyè milye sèvis pou elèv ki gen andikap, e mank sa a pi grav nan kèk nan katye ki pi pòv ak ki pi difisil pou jwenn aksè nan vil la, dapre nouvo done ki montre sa…pwosesis pou fè yon referans tounen yon reyalite ka fristran pou paran toupatou, ki di yo oblije plede pou pitit yo pou yo jwenn sèvis nan lekòl la oswa jere terapi deyò poukont yo. Nan anpil ka, sa pran plizyè semèn oswa plizyè mwa pou jwenn yon founisè pou yon elèv. “Depi kounye a, n ap resevwa apèl paske elèv yo pa t gen okenn sèvis pandan premye mwa a,” se sa Maggie Moroff, kowòdonatè politik edikasyon espesyal nan Advocates for Children New York, ki gen yon liy èd pou paran yo, te deklare. Li atik