Timoun ‘mitan’ nan vil la ap vin pi gran: etid
09.12.2014 | New York Post | Anviwon youn sou kat elèv lekòl mwayen nan NYC — 52,292 sou 227,474 — gen omwen yon ane plis pase lòt elèv nan klas yo paske yo te repete yon ane, daprè chif Advocates for Children of New York te jwenn. Epi 8,644 elèv lekòl mwayen gen omwen twa ane plis pase lòt timoun nan klas yo paske yo te rete nan menm klas la plizyè fwa. Men, vil la bay sèlman 446 plas nan pwogram altènatif pou elèv ki vle antre nan nevyèm ane men ki gen plis pase 15 an, dapre done vil la. Etid yo montre elèv lekòl mwayen ki gen plis laj yo gen de fwa plis chans pou yo kite lekòl. “Yo pi gran anpil pase kamarad yo, yo bloke ak elèv ki gen 11 a 13 zan, epi pifò nan opsyon Depatman Edikasyon an pa disponib pou yo,” se sa Ashley Grant, yon avoka pou gwoup defans dwa sa a, ki te jwenn done yo atravè yon demann Dwa Aksè a Enfòmasyon, te deklare. Li atik