Kòmantè AFC sou patisipasyon elèv andikape k ap resevwa sètifika ki pa diplòm nan seremoni gradyasyon.
AFC soumèt yon kòmantè piblik bay Depatman Edikasyon Eta New York sou yon amannman pwopoze nan règleman ki konsène dwa elèv ki gen andikap k ap resevwa sètifika SACC ak CDOS pou patisipe nan seremoni ak aktivite gradyasyon. Nou ankouraje NYSED pou egzije lekòl yo enfòme fanmi yo ke elèv sa yo gen dwa rete nan lekòl jiska laj 21 an oswa jiskaske yo jwenn yon diplòm, kèlkeswa patisipasyon yo nan aktivite gradyasyon.