Need Help?
Call AFC's Education Helpline
(866) 427-6033
Monday to Thursday
10 am to 4 pm
Donate Now
Help Advocates for Children support more New York City students!
Stay connected
Sign up for AFC's email updates and find other ways to take action.
Byenveni nan Advocates for Children of New York
(Avoka pou Timoun nan New York)
Advocates for Children of New York (AFC), yon òganizasyon ki pa fè pwofi nan aktivite’l, sèvi tout elèv lekòl nan vil Nouyòk depi yo fèt jiska laj 26 zan, ki konsantre’l sou elèv ki sòti nan fanmi ki gen ti kras lajan ki ap lite nan lekòl-yo oswa ki sibi tout kalite diskriminasyon nan lekòl-yo.
Avoka nou yo ak espesyalis edikasyon koute ak anpil atansyon fanmi-yo, eksplike-yo ki chwa yo ka fè epi yo ede-yo avèk siksè pou yo defann edikasyon ki kòrek pou chak timoun sitou ke se dwa ti moun-yo pou yo jwenn li. Pou fanmi ki bezwen pi plis asistans, manm pèsonèl-la patisipe nan reyinyon ak paran-yo, reprezante paran-yo nan rankont san patipri nan Depatman Edikasyon nan vil Nouyòk-la, epi okipe-yo de reklamasyon administratif ak nan tribinal.
Nou travay ansanm avèk fanmi ti bebe ak timoun piti, elèv ki andikape, jèn ki gen zafè ak tribinal, etidyan ki enplike nan sistèm èd sosyal pou timoun, elèv kap aprann lang angle, elèv ki gen pwoblèm ak disiplin, ak elèv ki nan lojman tanporè. Anplis de sa, Pwojè Dwa Elèv Imigran nou-an ap rezoud pwoblèm ki gen pou wè ak elèv ki se imigran oswa paran-yo ak gadyen-yo se imigran. Pwoblèm Edikasyon fanmi imigran genyen tankou :
- Jwenn yon lekòl ki ka ede yon imigran ki fèk rive epi ki pa pale angle;
- Jan yo ka jwenn sèvis edikasyon espesyal nan yon lòt lang ke angle; oswa
- Envestigue poukisa yon elèv imigran pap aprann angle oswa ap travay mal nan lekòl-la.
AFC pa konsidere estati imigrasyon lè'l ap deside si’l gen pou’l ede'w.
Si ou ta renmen pale ak yon espesyalis nan edikasyon tanpri rele sèvis asistans nou-an.
Nou ka pale avèk ou nan lang PA’W. Nou gen espesyalis edikasyon ki pale panyòl. Nou genyen tou yon telefòn entèprèt sèvis pou lòt lang-yo.
- Etap 1 – Lè pou rele nou se ant 10:00 nan matin jiska 4:00 apremidi, Lindi jiska Jedi nan nimero 1-866-427-6033.
- Etap 2 – Lè’w konekte avèk yon espesyalis nan edikasyon, premye bagay pou’w fè se pou di ki lang ou pale. Tann yon ti moman pou nou ka fè yon koneksyon ak yon entèprèt ki pale lang ou-a.
- Etap 3 – Lè entèprèt-la sou liy-la, tanpri di nou ki pwoblèm edikasyon’w genyen.
AFC bay plizyè gid ak resous gratis pou ede’w pran defans pitit ou. Klike sou lyen ki anba-yo pou ka li sou:
- Yon gid sou Dwa Legal Elèv Imigran ak Paran-yo nan Lekòl Piblik Vil Nouyòk
- Sèvis Tradiksyon ak Entèpretasyon nan Lekòl Piblik Vil Nouyòk
- Elèv k ap aprann lang anglè ak Edikasyon Espesyal
- Opsyon Pwogram pou Moun ki ap Aprann Angle
- Anrejistreman nan Lekòl Piblik Vil Nouyòk yo pou Fanmi Imigran
- Entimidasyon, Asèlman ak Diskriminasyon sou Etidyan imigran yo nan Lekòl NYC yo
- Politik Pwomosyon nan Lekòl Leta Vil Nouyòk la pou Moun k ap Aprann Angle nan Klas K—8
- Politik Avansman ak Gradyasyon Lekòl Segondè nan Lekòl Leta Vil Nouyòk la pou Moun k ap Aprann Angle
- Egzamen Leta e Akomodasyon pou Moun k ap Aprann Angle